LYRICFLUENT

JOU PA W Lyrics by Vayb Vayb

Below, you will find the lyrics for JOU PA W by Vayb.
JOU PA W
Lyrics: K-dilak Mesaje a, Benjamin Guirand
CHORUS
Men Jou pa w la gen pou l rive
Avèk pasyans
Bagay yo ap chanje
Men Jou pa w la gen pou l rive
Fè mwen konfyans
Bagay yo ap chanje
Se tankou sou you kwa
Ke ou klouwe
Se tankou tout pouvwa
Pa ekzose
Ou vag lavi pafwa
Souf l'ap koupe
Vye van dezespwa fè w santi w
Dezaprouve
Menm si w pa jwenn okenn koulwa
Okenn espwa okenn mouchwa
Lè w ap kriye pou je w siye chak fwa
Moman yo nwa
Menm lè w santi w gen yon gwo pwa
K ap peze chans bonè w pafwa
Yon jou kanmenm wòch la gen pou l woule
CHORUS
Men Jou pa w la gen pou l rive
Avèk pasyans
Bagay yo ap chanje
Men Jou pa w la gen pou l rive
Fè mwen konfyans
Bagay yo ap chanje
Ou pran nan w toubiyon
Solèy pa leve
Lavi w tankou yon sentiwon
Devenn atache
Se tankou yon miwa
tristès k afiche
Menm lonbraj ou pa souri ba w
Moral w'a zewo
Menm si w pa jwenn okenn koulwa
Okenn espwa okenn mouchwa
Lè w ap kriye pou je w siye chak fwa
Moman yo nwa
Menm lè w santi w gen yon gwo pwa
K ap peze chans bonè w pafwa
Yon jou kanmenm wòch la gen pou l woule
Lawouze pral tonbe l ap awoze
Granm maten rèv ou sonje gon w bondye
Lawouze pral tonbe l ap awoze
Zèb bonè w yon jou kan menm pral pouse
Ou se wozo
Ou mèt pliye
Ou pap kase
Mwen di fòk ou kenbe
Kenbe
Pa janm dekouraje
Fo w kenbe
Jou pa w gen pou l rive
W ap rekolte tout saw plante
Jis travay di pa janm kanpe
Kwè nan tèt ou kwè nan fòs ou
Fo w lite
Si maladi mete w kouche
Si w santi souf w'ap koupe
Bondye ap veye w
Epanye w de eprèv yo
Mwen di fòk ou kenbe
Kenbe
Pa janm dekouraje
Fo w kenbe
Jou pa w gen pou l rive
Lè w ap gade jan w ap trennen
Tout moun ap di w pap janm anyen
Kwè nan tèt ou kwè nan fòs ou
Fò w lite
Toutotan zye w poko femen
Konnen mirak ka fèt demen
Bondye ap veye w
Epanyew de eprev yo
Ou se wozo
Ou mèt pliye
Ou pap kase
Ref
Men Jou pa w la gen pou l rive
Avèk pasyans Bagay yo ap chanje
Men Jou pa w la gen pou l rive
Fè mwen konfyans Bagay yo ap chanje
Lyrics Licensed & Provided by LyricFind
Did you like these lyrics?
LEARN SPANISH WITH MUSIC
Learn Portuguese with music with 1715 lyric translations from various artists including Vayb
Get our free guide to learn Portuguese with music!
Join 53494 learners. Unsubscribe any time.
Sign up with Google
Sign up with Google
Learn Portuguese with lessons based on similar songs!
Get it on Google Play
Download on the App Store
Apple and App Store are trademarks of Apple Inc.
Google Play and the Google Play logo are trademarks of Google LLC.